Anpil jèn itilize rezo sosyal pou yo di sa yo panse de yon sijè oubyen pou poste bèl foto. Men, nou invite ou konsidere itlize yon rezo sosyal tankou LinkedIn tou pou ou van tèt ou antanke pwofesyonèl. Nou pral esplike w poukisa yon pwofesyonèl ta dwe itilize platfòm sa.
LinkedIn se yon rezo sosyal ki parèt nan lane 2003, e ke Microsoft te achte an 2016. LinkedIn se yon rezo sosyal kote pwofesyonèl mete tèt yo an valè. Se yon rezo kote ou ka pataje ak pibliye sa ou te etidye ak sa w ap ekzèse kòm metye. Se yon espas kote ou ka alafwa ap fè pwomosyon pou karyè pwofesyonèl ou pandan w ap aprann chak jou pou w ka vin pi pèfòman.
Anmenmtan, LinkedIn se yon espas anpil antrepriz itilize pou ofri sèvis ak lanse òf anplwa pou rekrite pwofesyonèl kalifye. Menm jan antrepriz yo ofri sèvis ak dyòb sou platfòm lan, yon moun ka itilize LinkedIn pou ofri sèvis tankou fòmasyon epi yo ka itilize rezo a pou yo chache dyòb tou. Ou ka lanse yon deman staj tou si w fenk fin etidye.
Jounen jodi a, anpil jèn Ayisyen ap chache opòtinite tout kote. Genyen ki ap chache travay, fòmasyon, envestisè ki pou kolabore ak yo nan pwojè yo ap lanse, elatriye. LinkedIn bay posibilite sa ak anpil lòt ankò. Men, ou dwe gen yon pwofil enteresan ki ap pèmèt ou fè rezotaj. Rezotaj la se lè ou rive gen bon rapò ak anpil pwofesyonèl. Pwofesyonèl sa yo ka alafwa nan menm domèn ak ou ansanm avèk sila yo ki pa nan menm domèn ak ou, men ki rive konnen ou gras ak travay ou reyalize kòm pwofesyonèl.
Ou dwe jere pwofil ou byen pou w ka fè rezotaj pi byen
Premye bagay pou w fè lè w fin kreye yon kont sou LinkedIn, se mete yon foto pwofil ak yon foto kouvèti ki reflete domèn pwofesyonèl w ap evolye ladan li a. Ajoute epi pibliye edikasyon ou ak eksperyans pwofesyonèl ou sou pwofil ou. Apresa, chache Konekte ak moun ki nan menm domèn avèk ou epi ak moun nan domèn ki pwòch ak domèn pa ou a.
Tankou la, si w se fotograf, ou dwe konekte ak fotograf parèy ou. Men, anmenmtan, ou dwe konekte ak pwofesyonèl nan kominikasyon (sitou moun ki responsab kominikasyon pou yon enstitisyon) epi ak jounalis tou paske yo ap bezwen yon fotograf pou fè foto pou yo. Lè yo ap chache yon pwofesyonèl si ou deja konekte ak yo, se ou ki ap gen plis chans pou jwenn òf yo anvan.
Ou ka konekte ak yon pwofesyonèl dirèkteman oubyen endirèkteman. Konekte dirèkteman vle di, ou ka voye yon demann koneksyon dirèk bay moun lan. Oubyen ou swiv kont li a. Konsa, tout sa li pibliye ou ap ka wè yo. Lòt fason an, se antre nan yon gwoup ki reyini tout pwofesyonèl ki nan domèn ou, yon gwoup kote se de tout sa ki gen rapò ak domèn ou a yo pale sèlman. Lè sa ou ap gen chans pou echanje ak yo nan diskisyon k ap fèt yo. Konsa, y ap vin konnen ou, yo ka pran ou kòm referans nan domèn lan. Sa pral fè relasyon sosyopwofesyonèl ou grandi.
Youn nan lòt fason LinkedIn bay pou w ka van tèt ou, se posibilite li ba ou pou w ekri atik. Sa vle di ou ka gen yon blòg sou LinkedIn san ou pa oblije al ebèje blòg ou sou yon lòt platfòm ebèjeman tankou WordPress. Lè ou pibliye yon atik sou kont LinkedIn ou, chak fwa gen plis entèraksyon (like, kòmantè, pataj) se konsa kont ou a ap jwenn vizibilite sou rezo a. Anpil moun ap vizite pwofil ou. Tout sa yo ap ede w nan rezotaj la.
Li trè fasil pou aplike pou yon dyòb sou LinkedIn
Jan nou te di li piwo a, anpil antrepriz itilize platfòm sa pou yo lanse òf anplwa. LinkedIn fasilite ou pou resevwa ak aplike pou òf sa yo. Pou w jwenn òf anplwa ou ka aktive opsyon alèt òf anplwa. Chak lè gen yon òf ki gen rapò ak domèn ou a, w ap jwenn yon notifikasyon ki di w sa.
Ou dwe ajoute tout esperyans pwofesyonèl ou fè yo sou kont LinkedIn ou a. Paske imedyatman ou ap postile pou yon dyòb sou platfòm lan, tout sa w te ekri sou kont lan kòm esperyans pwofesyonèl ap monte otomatik nan fòmilè aplikasyon pou dyòb la. Ou p ap bezwen al pèdi tan pou w ranpli li. W ap jis gen pou w ajoute CV ou ak si yo ta mande yon lèt motivasyon pou w aplike pou travay la.
Anpil moun jwenn gwo dyòb gras ak rezo sosyal LinkedIn. Nou ankouraj ou itilize rezo sa, ou p ap regrèt.


