Nan premye epizòd “Ayiti Pa m” lan, Molière ADELY te diskite ak chantèz Jo-J sou dènye pwojè li a ak plis ankò.

Yo pale de nouvo EP atis la ki rele “Black is Beautiful”. Jo-J pataje pwosesis  kreyasyon pwojè a, chwa atistik li yo, ak difikilte li te rankontre sou wout li.

Atis la pale de sous motivasyon li. Li pale de rekonesans li jwenn pou talan li depi lè li te jèn. Epizòd sa a ofri yon vizyon entim sou atis la ak mizik li yo.

Joana Joseph, tout moun konnen sou non atis li Jo-J, gen yon istwa enspiran plen ak kreyativite, detèminasyon.  

Ou ka tande epizòd la sou : Spotify ak Apple podcast

Ou byen gade li sou YouTube :

Prezantatè : Molière ADELY

Envite : Jo-J

Pwodiksyon : Richès Lokal

Reyalizasyon : Spattitude

Laisser un commentaire