Nan dezyèm epizòd “Ayiti Pa m” lan, Molière ADELY te fè yon bèl echanj avèk Kav-Alye Pierre.
Kav-Alye ki se powèt, komedyen, aktè ak direktè teyat. Li pale de dènye pwojè li yo, istwa reyèl ki te enspire li yo ansanm ak difikilte li rankontre antanke yon atis nan klima aktyèl Ayiti a.
Li pale tou de kijan li menm ansanm ak tout kominote Opaque-Voisin Lab la te jwenn mwayen pou yo ret kreyatif malgre moman kofinman, pandan peryòd Covid-19 la.
Kav-Alye, menm jan ak anpil lòt talan eksepsyonèl ki an Ayiti nan moman sa a, ap pwodwi travay remakab ak reyalize siksè epi pran rekonesans entènasyonal. Sepandan, potansyèl yo toujou rete pa twò ekplore akòz kontrent ki genyen nan peyi a.
Ou ka tande epizòd la sou : Spotify ak Apple podcast
Ou byen gade li sou YouTube :
Prezantatè: Molière ADELY
Envite: Kav-Alye Pierre
Pwodiksyon: Richès Lokal
Reyalizasyon: Spattitude


