Nan tèks sa w ap konnen kisa lidèchip ye. Nou prezante kèk eleman ki ka ede w rekonèt yon bon lidè nan kominote ou a oubyen nan enstitisyon kote w ap travay la. Pa bliye tèm lidèchip la konplèks. Sa vle di li gen anpil apwòch ki depann de filozofi moun ki ap defini li a.
Lidèchip se kapasite yon moun genyen pou li elabore yon vizyon klè ak enspire lòt moun epi anmenmtan pou moun sa yo adere nan vizyon li a. Youn nan baz fondamantal lidèchip, se kapasite yon moun genyen pou li travay an kolaborasyon ak lòt moun pou reyalize yon objektif komen. Li mande pou w gen yon kapasite pou dirije yon ekip kote yo reyini konpetans ak detèminasyon pou rive fè siksè.
Sepandan, deskripsyon sa a se jis yon deskripsyon bazik. Lidèchip anglobe plis bagay, li gen divès estil ak apwòch. Yon senp rechèch google rapòte anpil definisyon. Yo chak reflete yon pèspektiv ak priyorite diferan. Sa a montre klè konpleksite tèm lidèchip la. Li enpòtan pou nou chache konprann konpleksite tèm lan. Lè nou konprann konpleksite tèm lidèchip la, li pèmèt nou metrize tout kontèks yo, yon fason pou nou ka byen dirije. Li enpòtan tou pou konnen yon moun ki rive nan yon pozisyon otorite pa vle di otomatikman li se yon bon lidè.
Men kèk eleman enpòtan nan lidèchip :
Vizyon
Kèlkeswa kontèks la, premye kalifikasyon yon lidè efikas ; se vizyon. Vizyon se kapasite pou fè yon pwojeksyon ak atikile yon avni posib pou yon òganizasyon, yon kominote, yon nasyon, elatriye. Vizyon an ap toujou depann de jan lidè a wè mond lan, eksperyans pèsonèl li ak karakteristik/tandans epòk la oswa jenerasyon an.
Enspirasyon
Genyen yon vizyon konvenkan se yon eleman fondamantal nan bon lidèchip, men yon bon lidè dwe kapab enspire lòt moun. Se pa sèlman pou yo kwè nan vizyon li, men tou pou yo travay ansanm nan objektif pou reyalize li. Pou yon lidè efikas, li dwe kapab enspire yon ekip oswa moun nan kominote li. Li dwe kapab konvenk yo swiv li e ba yo posibilite pou yo kontribye aktivman avèk pasyon pou reyalize avni yo anvizaje a oubyen pou yo bay bon rezilta. Lè yon lidè byen enspire li ka transfòme yon ekip. Li ka fè manm ekip la pase de patisipan pasif a ko-kreyatè aktif.
Anpati ak entèlijans emosyonèl
Yon aspè ki trè impòtan nan definisyon tradisyonèl lidèchip, se entèlijans emosyonèl. Sa gen landann senpati, konsyans pwòp tèt ou ak kapasite nan jere emosyon pa ou ak emosyon lòt moun epi ak kapasite pou w konprann lòt moun. Pa ekzanp, yon lidè pa dwe kite pwoblèm pèsonèl li al afekte emosyon moun nan ekip travay li. Lidè ki gen entèlijans emosyonèl gen plis opòtinite pou fòme yon koneksyon avèk manm ekip yo, epi kreye yon anviwonman kote ki genyen konfyans ak respè youn pou lòt. Sa a enpòtan anpil pou lidè ki vle byennèt tout moun nan ekip yo.
Adaptabilite ak ajilite : kapasite pou navige Chanjman
Pou rive fè siksè nan reyalize yon vizyon, li enpòtan pou gen yon lidè ki gen yon mantalite kwasans. “Mantalite kwasans se tout atitid yon moun genyen lè li rankontre difikilte ak fason li jere echèk epi ak kijan li adapte li pou kontinye avanse.” Lidè efikas yo se moun ki ka adapte yo ak tout sikonstans de chanjman an menmtan pandan yo toujou kontinye ap dirije yon fason efikas. Yo pa sèlman reyaktif, men yo pwoaktif nan aprann, grandi ak adapte estil lidèchip yo pou fè fas ak nouvo defi.
Entegrite ak bon jan etik : Bousòl Moral
Yon bon lidè dwe montre entegrite, bon konduit ak bon jan etik. Lidèchip gen ladann li bon karaktè ki gen menm enpotans ak kapasite. Lidè yo adopte/fikse ton moral pou òganizasyon/peyi yo, se pou sa aksyon yo dwe toujou reflete valè yo ap preche yo.
An rezime, yon bon lidè se pa jis yon moun ki okipe yon pozisyon oswa ki pote yon tit. Li se yon moun ki gen anpil bon kalite. Lidèchip la mande pou w genyen yon vizyon klè, yon bon kapasite pou enspire ak motive lòt moun. Lidèchip mande entèlijans emosyonèl pou konprann epi konekte ak moun ou ap kolabore avek yo a, adaptabilite pou navige nan chanjman ak entegrite pou dirije avèk onètete ak moralite.
Sa yo se eleman fondamantal ki pèmèt lidè yo kreye yon enpak pozitif epi pote chanjman siyifikatif nan òganizasyon yo, kominote yo, peyi yo ak nan mond lan. Se pa tout moun ki gen tit lidè ki reyèlman pran responsablite sa a yo serye. Sepandan, lè yon lidè vrèman anbrase epi aplike prensip sa yo nan pratik lidèchip yo, yo kapab fè yon enpakte reyèl epi dirab ki transfòme lavi moun.
Sous konsilte:
Tony Mayo, October 2007, The Importance of Vision, Havard business review. Lyen: https://hbr.org/2007/10/the-importance-of-vision
Steve Hogarty, August 2023, Growth mindset : definition, characteristics, and examples, Wework. Lyen : https://www.wework.com/ideas/professional-development/business-solutions/growth-mindset-definition-characteristics-and-examples#:~:text=Having%20a%20growth%20mindset%20means,and%20evolve%20as%20a%20result.


