Antreprenarya ak inovasyon se 2 nan kèk eleman enpòtan nan kwasans ak dirabilite ekonomik pou avni Ayiti. Malgre defi ekonomik, antreprenè ayisyen yo, sitou sila ki nan ti ak mwayèn antrepriz  yo, montre yon rezistans remakab. Yo kontinye fè biznis yo mache epi yo bay anpil travay nan vil tankou Pòtoprens. Yo prevwa mache risk kapital Ayiti a ap rive nan 8,5 milyon dola ameriken nan lane 2024 la. Li enpòtan pou otorite lokal ak nasyonal yo jwe wòl yo nan ankouraje antreprenarya ak inovasyon. Lè yo sipòte sektè sa yo, gouvènman an kapab poze yon fondasyon solid pou kwasans ekonomik dirab ak yon avni pwospè.

Nan pwochen eleksyon yo, se yon obligasyon pou kandida prezidansyèl yo bay devlopman ekonomik ak sosyal  epi pwogrè dirab priyorite, si yo vle fè Ayiti vin yon peyi ki ka okipe tèt li. Se vre aktyèlman Ayiti ap fè fas ak pwoblèm ijan tankou vyolans gang, mank manje, mank swen sante ak plis ankò. Menmsi pwoblèm sa yo se premye priorite, efò paralèl pou konstwi yon avni dirab enpòtan tou. Stabilite alontèm ak pwosperite Ayiti depann de sa, sitou apre plizyè ane enstabilite politik kote peyi a pa fè yon pa an avan.

Men kèk bagay ki dwe fèt pou ankouraje devlopman ekonomik dirab nan peyi a pou moun ka viv byen:

Enfrastrikti ak refòm politik

Ayiti bezwen an ijans devlopman enfrastrikti ak refòm politik pou ranfòse ekonomi li ak amelyore kalite lavi pèp la. Sa a se yon defi ki mande yon gouvènman ki aktif epi ki responsab. Sa dwe kòmanse nan refòm ak modènize enstitisyon esansyèl tankou Ministè Komès ak Endistri, Ministè Ekonomi ak Finans. Si gouvènman an senplifye pwosesis yo ak koupe baryè biwokratik pou sèvis tankou anrejistreman biznis ak demann patant, yo ka kreye yon anviwònman ki pi favorab pou kwasans biznis ak inovasyon. Ministè Ekonomi limenm ka kreye kondisyon pou gen plis akonpanyeman finansye nan sektè biznis lan.

Pwoblèm enfrastrikti yo enkli sèvis elektrisite ak enèji ki pa fyab, sistèm telekominikasyon ki pa devlope, wout ki degrade, enstalasyon dlo ak sanitasyon ki pa bon, kay ki mal konstwi san regleman ak sistèm jesyon fatra ki pa efikas, elatriye. Li enpòtan anpil pou gouvènman an abòde pwoblèm sa yo nan kad yon plan estratejik ki vize yon devlopman dirab pou amelyore kalite lavi tout Ayisyen nan peyi a.

Singapore

Amelyore endistri Ayiti yo ak atire envestisman mande yon bon plan devlopman enfrastrikti, menm jan ak nenpòt lòt peyi. Transfòmasyon Singapore a se yon premye egzanp. Sa gen anviwon 40 ane depi ekonomi Singapore te sanble ak jan ekonomi Ayiti ye jodi a ak yon PIB konparab per capita. Peyi a te fè fas ak anpil difikilte, tankou resous natirèl limite, yon popilasyon k ap grandi ak mank enfrastrikti endistriyèl sibstansyèl. An 1971, gouvènman Singapore a te lanse yon pwojè yo te rele ‘plan konsèp’. Se yon gwo plan devlòpman enfrastrikti ki revize chak dis ane, ki te fondamantal nan transfòmasyon peyi a. Inisyativ kle nan plan an te enkli devlope yon sistèm transpò avanse tankou Mass Rapid Transit (MRT), ki te ankouraje devlopman banlye, ak etabli pak endistriyèl (yon pòsyon nan yon vil ka  sèvi pou itilizasyon endistriyèl olye pou bezwen rezidansyèl oswa komèsyal) pou atire envestisman etranje ak sipòte biznis lokal yo.

Estrateji sa yo te adrese defi lojistik espesifik ak ekonomik peyi a, epi amelyore kalite lavi pou abitan li yo pandan peyi a t ap mete fondasyon pou kwasans rapid pou li vini sant finansye mondyal li ye jodia. Ayiti ka tire anpil leson nan eksperyans Singapore a. Yon estrateji alontèm konsantre sou enfrastrikti ta ka chanje trajektwa ekonomik epi benefisye kominote iben ak riral yo.

Rwanda

Dènye efò Rwanda fè nan devlopman enfrastrikti li yo tou ka yon bon modèl pou Ayiti. Rwanda dedye yon dis pousan nan bidjè li a pou transpò ak enfrastrikti pou li ranfòse sektè prive a. Pwojè Devlopman Iben an se yon kolaborasyon ant Bank Mondyal ak gouvènman Rwanda a ki konsantre sou amelyore kondisyon lavi nan Kigali ak sis lòt vil. Li gen ladann amelyore sèvis debaz yo, adrese rezistans klima, ak ranfòse planifikasyon iben ak inisyativ tankou reyabilitasyon marekaj, jesyon dlo lapli, elatriye.

Apwòch Rwanda pou balanse kwasans sosyo-ekonomik ak konsiderasyon anviwònman an ofri Ayiti yon  bèl egzanp. Yon envestisman menm jan ta ka ede Ayiti abòde pwoblèm iben yo ak ankouraje devlopman ekonomik, pandan li ap bay priyorite a pwoblèm anviwonmantal.

Refòm politik

Anplis de sa, gouvènman an ka ranfòse antreprenarya ak inovasyon lè li aplike lwa ki ka fè biznis an Ayiti pi bon mache. Sa a ka enplike divès règleman ak lwa, tankou refòm taks, bese depans pou kòmanse yon biznis, amelyore aksè nan mache kapital yo pou antreprenè yo oswa revize lòt règleman pou favorize efò antreprenarya an Ayiti. Mezi sa yo enpòtan anpil pou ankouraje antreprenarya ki se yon eleman enpòtan nan devlopman ekonomik nenpòt nasyon.

Sipò pou jèn antreprenè yo

Jèn antreprenè Ayisyen yo montre yo gen anpil talan, entèlijans ak anbisyon. Men, yo rankontre anpil obstak nan sa yo ap reyalize. Gouvènman an ka jwe yon wòl esansyèl nan ede jèn antreprenè sa yo atravè divès mezi. Sa a ka gen ladan èd finansye, pwogram konsèy, edikasyon biznis, fòmasyon epi louvri aksè a resous ak rezo. Fasilite patenarya ant enstitisyon edikasyonèl ak endistri yo enpòtan tou paske li ka ranfòse anpil kapasite pou satisfè demand mache yo.

Konsantre sou Agrikilti:

Sektè agrikòl la, ki enpòtan pou kwasans ekonomik dirab Ayiti akòz eritaj ak resous rich li yo, ta dwe yon priyorite pou pwochen gouvènman an. Revitalize sektè sa a ka reyalize atravè mezi tankou ankourajman taks, finansman, devlopman enfrastrikti, ak règleman pwoteksyon. Fondamantalman, gouvènman an bezwen adrese pwoblèm jèn antreprenè agrikòl yo ap fè fas yo, tankou aksè limite a kapital, metòd agrikilti akayik ak baryè pou antre sou mache a.

Filipin

Yon egzanp entènasyonal ki gen siksè se Pwogram Prè Agri-Negosyo (ANYO) Filipin yo, ki ede transfòme ti fèmye yo an “agriprenè” lè li bay kapital, teknoloji ak resous. Pwogram sa a gen pou objaktif pou diminye povrete nan mitan kiltivatè yo ak pechè yo, lè li pèmèt yo amelyore pwodiktivite ak revni atravè biznis agrikòl. Li ofri prè zewo enterè pou ti kiltivatè yo, pechè yo ak antrepriz agri-lapèch pou ankouraje pratik agrikilti dirab ki pwofitab. Yon modèl menm jan an Ayiti ta ka ede moun ki nan sektè agrikòl ak lapèch  yo.

Kreye kondisyon pou dyaspora vin envesti nan peyi  a

Dyaspora ayisyen an genyen yon gwo potansyèl pou kontribiye nan devlopman Ayiti, men yo souvan fè fas ak baryè tankou ensekirite, koripsyon ak enstabilite politik. Li enpòtan pou gouvènman ayisyen an kreye yon anviwònman akeyan pou envestisman ak angajman dyaspora a. Sa gen ladann mete ann aplikasyon règ klè ki estab pou atire ak ogmante resous yo. Anplis de sa, angajman ta dwe depase kontribisyon finansye yo. Inisyativ ki ankouraje echanj edikasyon ak pataje konesans yo enpòtan anpil pou ofri benefis ki depase envestisman monetè.

Pratik dirab ak konsiderasyon anviwònman

Ayiti se yon peyi ki trè vilnerab fas a katastwòf nantirèl ak anviwonmantal. Entegre pratik anviwonmantal dirab nan modèl biznis se yon enperatif. Sa dwe fèt nan fè pwomosyon enèji renouvlab ak sipòte biznis ki priyorize proteksyon anviwònma. Gouvènman an dwe  jwe yon wòl enpòtan nan sans sa. Li dwe bay asyisyen yo resous ak règleman ki ankouraje biznis ki nan pwoteksyon ak prezèvasyon ekolojik. Angajman dirab ka mennen inovasyon, kreye travay nan sektè k ap parèt yo, epi ede kontrekare enpak chanjman klimatik yo ak pwoteje resous natirèl Ayiti pou jenerasyon k ap vini yo.

Derasinen koripsyon ak etabli nouvo estanda

Derasinen koripsyon ak etabli nouvo estanda nan gouvènans enpòtan anpil pou Ayiti, kote pratik koripsyon yo te malerezman vin gwo zam  nan politik ak nan zafè biznis. Se yon nesesite pou gouvènman an abòde pwoblèm sa a epi bay yon egzanp pozitif. Nan sans sa, Singapore ak Rwanda ankò se 2 bon modèl.  Singapore vin youn nan peyi ki mwens kòwonpi epi ki pi devlope nan mond lan akòz lwa li sevè kont koripsyon ak gouvènans efikas yo aplike. 

Rwanda, menm jan an, te redwi drastikman koripsyon depi ane 1990 yo gras avèk volonte politik solid, gouvènans transparan ak ranfòsman strik nan politik kont koripsyon. Si Ayiti ta adopte menm estrateji sa yo,li kapab transfòme anviwònman biznis li, etabli nouvo estanda gouvènans, ankouraje devlopman dirab, epi devlope konfyans envestisè yo.

Konklizyon

Ayiti nan yon moman enpòtan kounye a kote aksyon gouvènman pral detèmine trajèktwa devlopman nasyonal li pou ane k ap vini yo. Se responsabilite pwochèn dirijan peyi a pou ankouraje antreprenarya ak ankouraje inovasyon, pandan y ap adrese bezwen enfrastrikti ijan yo ki enpòtan anpil. Li enpòtan tou pou yo konsantre efò yo sou refòm ekonomik, otonomizasyon jèn yo, angaje dyaspora ak devlopman dirab.

Sous konsilte: 

  1. Rwanda has an array of incentives for investors ready to invest in the country, SD. Link : https://visitrwanda.com/investment-opportunities/infrastructure/#:~:text=Almost%20a%20tenth%20of%20Rwanda’s,transport%20to%20businesses%20and%20individuals.
  2. Venture Capital – Haiti, SD. Link : https://www.statista.com/outlook/fmo/capital-raising/traditional-capital-raising/venture-capital/haiti
  3. Mr. Kenneth Bercuson, 1995, Singapore : A Case Study in Rapid Development . Link: https://www.elibrary.imf.org/display/book/9781557754639/9781557754639.xml 
  4. Oliver Lewis, Singapore: planning makes perfect, 2023. Linkhttps://businessdesk.co.nz/article/infrastructure/singapore-planning-makes-perfect
  5. https://www.shiftcities.org/projects/rwanda 
  6. From Farmers to Agripreneurs: Financing Micro and Small Agribusinesses with the Agri-Negosyo (ANYO) Loan Program, 2021 : https://acpc.gov.ph/from-farmers-to-agripreneurs-financing-micro-and-small-agribusinesses-with-the-agri-negosyo-anyo-loan-program/

Laisser un commentaire