Nan dènye epizòd premye sezon “Ayiti pa m” nan, Molière ADELY rankontre avèk atis pent Bertho Jean-Pierre pou yon bèl echanj.
Kòm youn nan jèn atis ki pi selebre nan jenerasyon li an Ayiti, anpil moun apresye tablo Bertho yo. Epi yo ekspoze nan anpil ekspozisyon tankou nan Faculté des Sciences Humaines, Le Centre d’Art de Port-au-Prince, Maison Dufort avèk Ghetto Biennale.
Bertho pataje avèk nou kijan li te rankontre penti depi li te trè jèn. Li pale de tan li pase avèk atis Ossey Dubic kòm apranti li, fòmasyon li nan “Le Centre d’Art Port-au-Prince” ak sinifikasyon ki dèyè tablo li yo.
Bertho ban nou yon pwennvi reyalis sou lavi atis an Ayiti. Li definitivman se youn nan atis jodi a ki pral kite yon eritaj dirab nan istwa penti ayisyen.
Ou ka tande epizòd la sou : Spotify ak Apple podcast
Ou byen gade li sou YouTube :
Prezantatè: Molière ADELY
Envite: Bertho Jean-Pierre
Pwodiksyon: Richès Lokal
Reyalizasyon: Spattitude


