Nan premye epizòd premye sezon pòdkas “EVOLISYON”, nou eksplore divèsite rit ki genyen nan panteyon mizikal ayisyen an, sitou sila yo ki sòti nan lakou yo, epi limen pwojektè sou inisyativ ki pran pou prezève rit sa yo.

Doki, Boumba, Kita, Kòd kout… se kèk non rit tradisyonèl ayisyen ki menase disparèt jounen jodi a. Nan premye sòti nouvo podkas sa, Ritzamarum Zetrenne bay lapawòl ak plizyè moun ki gen konesans nan domèn atizay kòm Raymond Noël (Welele Doubout), Rony Joseph (Batala), Marie Jessy Kermizan (Jessy Vanyan).

Ansanm, yo fè limyè sou kisa rit tradisyonèl ayisyen yo ye, orijin yo, kantite rit ki genyen ak kote yo jwe nan peyi a. Yo fè analiz tou sou enpòtans rit sa yo gen nan lavi nou antanke ayisyen, wòl yo ak pratik yo nan vodou ayisyen an. Epi mete limyè sou kèk inisyativ ki pran pou kenbe rit ak dans tradisyonèl ayisyen yo vivan.

“Rit tradisyonèl yo se idantite nou.” Daprè Welele Doubout majorite rit nou yo se eritaj nou leve jwenn. Chak tribi te kite anprent yo sou zile a. Nou konprann sa byen a travè non pwòp rit yo nou kenbe ki gen orijin yo ann Afrik: Dahomen, Ibo, Nago, Kongo, elatriye.

Selon Batala, rit yo se de patrimwàn imateryèl, yo fè valè nou kòm pèp nwa, nou pratike yo chak jou e yo se nanm nou.

Pou ale pi lwen, Welele Doubout apiye analiz li a sou travay kèk chèchè tankou Milo RIGAUD, Honora Lamartinière ak Marx Beauvoir, ki, selon travay chèchè sa yo jwenn 401 rit nan vodou ayisyen an. E Rit sa yo klase an 4 gran fanmi rit: fanmi Rada, fanmi Petwo, fanmi Kongo epi fanmi Pwofàn. Batala detaye chak kantite rit ki konpoze fanmi rit sa yo. Varyete yo ak ki kote yo jwe nan peyi a.

Yon lòt kote refleksyon an kontinye nan kategori dans. Chak rit tradisyonèl marye ak pwòp dans li ki tou pote non l.

Dansèz Jessy Vanyan eseye gade rezon ki fè dans tradisyonèl yo menase disparèt. Pou li, se prèske yon sèl kalite rit ki toujou ap fè sèn: Nago, Ibo, Petwo, Kongo… Gen anpil ansyen rit tradisyonèl ki pa danse ankò. E lekòl klasik yo pa entèrese anseye dans tradisyonèl nan pwogram yo. Anpil rit ak dans ap pèdi. Men malgre fènwa disparisyon vle blayi sou rit tradisyonèl ayisyen yo, gen kèk inisyativ ki pran pou prezève rit sa yo tankou: Atelye Tanbou Plen Minui, Kolektif Sovgad Tradisyon Ayisyen, ak plizyè lòt ankò.

“EVOLISYON” se yon nouvo pòdkas Richès Lokal lanse. Pòdkas sa gen pou misyon enspire epi fè dekouvri inisyativ pozitif ak chemen aktè chanjman nan peyi a. Li reyalize ak prezante pa Ritzamarum ZETRENNE, pandan travay rechèch yo ak entèvyou yo fèt pa Sugania LOUISMÉ, ki anchaje de yo. Pòdkas la adopte yon fòma narasyon ak entèvyou, ki pèmèt moun eksplore divès domèn tankou: atizay, lakilti, inovasyon, ak antreprenarya ann Ayiti.

Pou w aprann plis kichòy sou istwa ak enpòtans rit tradisyonèl ayisyen yo, al koute premye epizòd sezon 1 podkas Evolisyon an!

Partager l'article

Laisser un commentaire