“Se anviwonnman ki andikape moun.”
Okenn fòm andikap p ap yon blokaj, si anviwònman an adapte pou aksesibilite moun ki gen defisyans yo ka viv nòmal tankou tout moun, epi jwi tout dwa yo nan sosyete y ap evolye.
Selon estimasyon Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), gen 15% nan popilasyon ayisyèn nan k ap viv ak yon andikap. Pou amelyore kondisyon lavi moun sa yo, Leta ayisyen te adopte lwa sou entegrasyon moun andikape yo 13 mas 2012; anplis de konvansyon Nasyonzini sou dwa moun andikape yo li te deja ratifye 12 mas 2009. Nan ki nivo batay pou enklizyon an ye jounen jodi a?
Nan dezyèm epizòd sezon 1 podkas EVOLISYON an w ap gen chans dekouvri:
• kijan atizay ak lakilti ap bay gwo bourad nan enklizyon sosyal.
• Kijan atizay sèvi kòm eleman terapetik pou moun nan gwoup minoritè yo.
• Kijan atizay pèmèt moun k ap viv ak defisyans yo konstwi tèt yo epi pran plas yo nan sosyete a.
• Kijan lakilti kontinye trase chimen pou byennèt tout moun atravè temwanyaj ak pataj eksperyans envite nou yo, Cindy Pierre-Louis yon komedyèn non vwayan.James Germain yon atis wòdpòte albinòs. Alex Casal yon estilis/mànken omoseksyèl. Jhonny Zephirin inisyatè “Festival Quinzaine Internationale Handicap et Culture”. Samuel Pierre yon sikològ. Fenel Bellagarde Kowòdonatè inite aksesibilite inivèsèl nan Biwo Sekretari Deta Entegrasyon Moun Andikape (BESEIPH). Nou mete aksan sou minorite ki plis sibi majinalizasyon ak estigmatizasyon nan sosyete a: andikape, albinòs, kominote LGBTQI+.
Daprè sikològ Samuel Pierre, youn nan eleman karakteristik atizay se favorize ekspresyon ak eksteryorizasyon. Cindy Pierre-Louis, yon komedyèn non vwayan, konfime lide sa. Pou Cindy, atizay se yon mwayen pou li dekouvri tèt li. Li retwouve tout senk (5) sans li yo sou sèn nan pèsonaj li ap reprezante yo. Nan domèn estilism, Alex Casal wè atizay kòm mwayen kominikasyon li. Se nan langaj sa li rive eksprime santiman l ap viv atravè zèv li yo.
Johnny Zephirin, inisyatè sèl festival pou moun ak defisyans, daprè eksperyans metè ansèn li, montre opòtinite lakilti ofri minorite majinalize yo.Atizay reprezante yon espas edikatif pou yo. Li pèmèt yo jwenn rekonesans sosyal, fè moun konnen yo, rekonèt valè yo ak travay yo.
Fenel Bellegarde tanmen esplike kijan andikap la se pa moun nan, men se pito anviwonnman an ki pwodui l. E lè sosyete a pa adapte, sa ranfòse plis diskriminasyon pou moun ki gen defisyans yo. Li kontinye pou li detaye twa (3) gran wòl lakilti jwe nan enklizyon moun ki gen defisyans yo.
Yon lòt kote, atis James Germain rakonte kijan li sibi anpil prejije akoz albinis li. Se gras ak atizay li brize prejije yo, enpoze l nan sosyete a, e fè moun aksepte l. James itilize talan l ak siksè l kòm zouti militans pou defann albinis nan peyi a. Li rive mete sou pye yon fondasyon, ALBA, anba slogan “nou tout se moun”.
“EVOLISYON” se yon nouvo pòdkas Richès Lokal lanse. Pòdkas sa a gen pou misyon enspire epi fè dekouvri inisyativ pozitif ak chemen aktè chanjman nan peyi a. Li reyalize epi prezante pa Ritzamarum ZETRENNE, sou fòma narasyon ak entèvyou pou pèmèt moun eksplore kèk domèn tankou: atizay, lakilti, inovasyon ak antreprenarya ann Ayiti. Sugania LOUISMÉ responsab dokimantasyon ak mennen entèvyou yo.


