“Teyat se yon atizay vivan ki evolye atravè tan ak espas kèlkeswa pèp la oubyen kilti a”

Li toujou difisil pou mete yon dat egzat sou teyat ayisyen an, paske menm avan nou travèse vin sou ti bout zile a kont ak lejann te deja egziste ann Afrik. Zansèt nou yo te vini ak pratik kiltirèl sa yo e kite yo kòm eritaj pou nou. Kidonk, teyat nou an pase avan tou nan yon kilti oral. Men, si n ap tante sitiye l nan yon epòk, teyat ayisyen an ta sanble kòmanse apati 1804, aprè lendepandans Ayiti.

Teyat se yon atizay vivan ki evolye atravè tan ak espas, kèlkeswa pèp la oubyen kilti a. Li pèmèt nou re viv ak konprann yon reyalite pi byen atravè kreyasyon atistik yo. Jounen jodi a, teyat sèvi nan peyi a kòm pi bon mwayen pou fè pase yon mesaj chokan san choke pèsòn nan denonse zak briganday, kritike, demaske enpostè ak mete sou sèn tout pwoblèm sosyete a pou pouse moun reflechi.

Teyat se yon zouti transfòmatif tou nan lavi sila yo k ap pratike atizay sa. Daprè temwanyaj komedyèn Néhémie Bastien, “Teyat se lavi, lavi li se teyat,” e teyat jwe yon gwo wòl nan moun li ye jodi a. Fè teyat aprann li anpil; li pèmèt li gen ekout, lespri pataj, sansiblite… Metye a aprann li vin pasyan ak tèt li.

Yves Marie-Gustave, yon lòt komedyen rakonte nou byenfè teyat pote pou sante mantal li aprè lanmò manman l. Teyat rann li fò pou li pa sonbre; li sèlman bezwen li yon tèks teyat, reflechi sou yon pwojè espektak pou li santi l byen, pou li reprann fòs. Teyat fè li travay sou imilite l tou, sou sajès li. Li pèmèt li aprann fè moun konfyans, viv ak moun, kolabore ak pran inisyativ ak moun.

Dane Naïssa JEAN yon fidèl espektatris, esplike nou sa ki fè li renmen vini nan espektak yo e transfòmasyon teyat fè nan lavi li. Teyat pèmèt li dechaje l; si li te rantre nan yon sal espetak ak yon chaj mantal li pa soti menm jan an, li soti dechaje konplètman. Li te yon moun ki te refèmen sou li menm akoz yon twomatis, depi li kontre ak teyat nan vini nan espektak yo, li vin plizoumwen ouvè pou echanj. E pyès teyat yo konn souvan sisite l al fè deba, fè rechèch pou l konprann pi byen yon tèm ki te trete.

Teyat kenbe solidarite nan peyi a. Nanpwen dout sou sa; nan kafou nou rive jodi a, nou bezwen anpil koezyon nan mitan divès kouch nan sosyete a. E teyat ede nou rasanble jèn nan katye popilè yo, mete yo ansanm, melanje yo nan yon lespri fratènèl gras ak twoup yo, atelye fòmasyon yo, konpayi teyat yo ak festival teyat yo.

Fondatè Konpayi Atistik Palto Vanyan, Fritz Evens Moïse (John Vanyan), esplike nou Palto Vanyan kòmanse boujonnen nan zòn katye popilè yo presizeman nan avni Poupla. Se jèn nan Bèlè, Fò Nasyonal, Kriswa, Ba Dèlma ak Lalue ki fè Konpayi a. Depi egzistans Palto Vanyan yo ankadre plis pase 500 jèn anviwon nan Teyat, Dans Fòlklò ak Chan Tradisyonèl ayisyen.

Sidney Dino NARCISSE, direktè atistik Festival théâtre de rue rakonte festival sa pran nesans aprè yon atelye fòmasyon sou teyat yo te fè epi reyalize restitisyon an nan lari. Se yon festival teyat ki angaje nan kafoufèy, e ki rasanble jèn nan lòt katye, ki soti Kanaran ak zòn Zoranje nan Site Solèy, vini nan fòmasyon atelye teyat.

Sitiyasyon ensekirite a afekte teyat la anpil. Plizyè nan espas kiltirèl ki te ka resevwa espektak yo oblije fèmen. Men malgre kontèks difisil jodi a, teyat toujou rete yon zouti enpòtan pou ranfòse solidarite nan sosyete a. Gen plizyè inisyativ k ap chèche kenbe teyat la vivan toujou nan peyi a: Festival teyat 4 chemen ki se youn nan pi gwo festival teyat nan karayib lan. Festival En lisant, Festival théâtre Voix de rue, ak yon pakèt lòt inisyativ pozitif.

Klike sou lyen sa pou w al aprann plis sou Teyat ann Ayiti.

Nan twazyèm epizòd sezon 1 podkas EVOLISYON an nou retrase listwa teyat ann Ayiti. Prezante istwa kreyasyon chak festival nan peyi a. Eksplore wòl teyat nan kilti nou. E kijan li ka sèvi kòm yon zouti pou rasanble divès manm nan sosyete a, malgre tout diferans ki lye ak orijin sosyo-ekonomik yo.

Envite:

Fritz Evens Moïse (John Vanyan), fondatè ak metè an sèn Konpayi Atistik Palto Vanyan.

Néhémie Bastien, komdyèn/ aktris.

Yves Marie-Gustave, komedyen, direktè atistik Les ateliers Encritures.

Sidney Dino NARCISSE, direktè atistik Festival théâtre de rue.

“EVOLISYON” se yon nouvo pòdkas Richès Lokal lanse. Pòdkas sa enspire epi fè dekouvri inisyativ pozitif ak chemen aktè chanjman nan peyi a. Li reyalize e prezante pa Ritzamarum ZETRENNE, sou fòma narasyon ak entèvyou pou pèmèt moun eksplore kèk domèn tankou: atizay, lakilti, inovasyon ak antreprenarya ann Ayiti. Sugania LOUISMÉ responsab dokimantasyon ak mennen entèvyou yo.

(lyen pou al koute 3èm epizòd la)

Laisser un commentaire