Biznis ki gen yon misyon byen defini ki pa wè fè gwo pwofi sèlman, yo pi rezistan men tou yo fè pi gwo enpak nan sosyete ki dire pi lontan.
Jean-René Jérôme montre pouvwa antreprenarya ki gen yon misyon. Nan lane 1985, li te kreye «Les Ateliers Jérôme» ak misyon pou ankouraje ak sipòte atizay ak atis Ayisyen. Jodi a, galeri ak estidyo atizay la ofri yon platfòm pou atis Ayisyen montre ak vann travay yo, ankouraje prezèvasyon kiltirèl ak devlopman ekonomik. Yon lòt bò, Reynold Bonnefil te fonde « Comme Il Faut » nan lane 1965 ak yon senp objektif: pwodwi ak vann pwodwi tabak pou fè pwofi, sa ki mete an avan yon apwòch biznis ki plis tradisyonèl ki santre sou opòtinite biznis ak dominasyon mache a.
Diferans ki genyen ant apwòch sa yo: Jérôme se yon antreprenè, epi Bonnefil se yon biznisman. Yon antreprenè souvan chèche rezoud yon pwoblèm oswa pote yon chanjman nan sosyete a, pandanke yon biznisman rete konsantre sou opòtinite biznis ak fè anpil benefis sou lajan li envesti. Tou de objektif sa yo pouse moun yo kreye ak Jere yon antrepriz. Sepandan, yo mande yon strateji jesyon diferan.
Nou ankouraje w adopte yon apwòch ki oryante sou misyon nan biznis ou ak fikse efò w sou bezwen kominote a. Sepandan, yon konbinezon lespri antreprenè ak biznisman se ideyal pou siksè ak lonjevite nan yon kad jeneral.
Deklarasyon misyon oswa biznis ki gen yon misyon kòm gid
Pifò konpayi jodia a deklare yon misyon, men sa pa vle di yo kite misyon yo gide yo nan tout sa yo ap fè. Anpil konpayi yo fonde ak objektif pou fè pwofi epi pita yo ajoute yon misyon ki pa gen rapò ak sa konpayi an pwodui. Poutan konpayi ki baze sou misyon yo fonde pa moun ki pwofondman angaje nan rezoud yon pwoblèm epi devlope yon pwodwi ki gen rapò dirèkteman ak misyon sa a.
Pou rete ak menm egzanp yo, «Comme Il Faut» gen yon misyon byen detèmine. Sepandan, misyon yo egziste endepandamman de pwodwi yo, pa egzanp misyon yo deklare yo t ap toujou fè sans epi pa bezwen chanje si yon jou yo deside vann yon pwodwi konplètman diferan, tankou machin. Bò kote pa li, «Les Ateliers Jérôme», kite misyon yo li yo gide l: kontinye elaji òf yo an akò ak objektif fondamantal yo pou ankouraje ak sipòte atizay ak atis Ayisyen.
Atreprenarya sosyal gen gwo pouvwa
Bati yon biznis ki gen yon misyon ki depase pwofi favorize rezistans fas ak defikilte. Avèk yon biznis konsa, ou gen plis chans pou atire anplwaye ki alinye ak misyon ou, epi ki souvan konn plis motive, pwodiktif ak fidèl, paske yo santi travay yo a gen yon enpak nan sosyete kote y ap viv la.
Envestisè, patnè ak kolaboratè yo tou gen plis tandans pou sipòte ak travay avèk biznis ki gen yon objektif klè, ki gen yon misyon kòm bousòl, sa ki mennen yo nan rezo ki pi solid, ki pèmèt resous yo ogmante ak jwenn opòtinite kolaborasyon.
Kliyan yo tou ap chèche sipòte biznis ki gen menm valè ak yo, yon biznis ki ka fè yon enpak pozitif sou sosyete a. Sa ede bati yon baz kliyantèl fidèl ki santi yo gen yon koneksyon pèsonèl ak mak ou a ak objektif yo.
Innovasyon ak kwasans alontèm
Kreye yon biznis ki gen yon misyon byen defini nan yon objektif antreprenaryal se yon katalis pou inovasyon. Lè ou Pran yon apwòch ki gide pa yon misyon, sa ankouraje solisyon inovatè ak ede w senplifye desizyon ou pran nan biznis ou, epi kreye yon chemen klè pou kwasans. Larry Page ak Sergey Brin kreye «Google (Alphabet)» nan lane 1998 avèk misyon pou ‘rann enfòmasyon itil yo pi aksesib’. Google pa t premye motè rechèch ki egziste men yo pote yon gwo chanjman nan sa ki gen pou wè ak koze rechèch enfòmasyon sou entènèt. Google kenbe pozisyon li kòm motè rechèch dirijan nan mond lan paske li rete fidèl ak misyon li menm pandan l ajoute anpil lòt sèvis, tankou akizisyon YouTube an 2006, ki an liy ak objektif prensipal li epi ede l rive pi lwen ladann.
Lè ou gen yon misyon byen klè, se kòm yon bousòl ki ap kondwi ou nan tout sa ou ap fè. Li bay direksyon ak klate ou bezwen espesyalman nan moman ensètitid yo. Sa pèmèt ou pran desizyon ki mache ak valè fondamantal ou ak objektif dirab ou genyen yo olye ou kite benefis pou ti bout tan ak kèk kontrent fè w chanje rout.
Yon misyon klè ka senplifye planifikasyon estratejik ou, fè li pi fasil pou mete an priyorite sa ki pi enpòtan yo. Klète sa a ede reyalize kwasans ak devlopman ki konsistan, asire ke biznis ou rete konsantre ak rezistan.
Ou ka bati yon biznis ki pa sèlman pwofitab men tou rezistan, epi ki gen yon enpak ki ap dire lontan nan sosyete a. Sosyete nou an ap fè fas ak anpil defikilte, kounye a se moman pou antreprenè tankou ou yo pran desizyon pou travay ak yon objektif pou pote yon chanjman pozitif.



[…] Li atik la an kreyòl […]