Nan biznis ann Ayiti, chak jou se yon konba. Soti nan ensekirite rive nan mank enstitisyon solid, antreprenè yo ap navige nan yon chimen difisil. Pandan n ap chèche avanse, gen erè ki kontinye ap koute nou opòtinite, pa paske nou pa gen kapasite, men paske nou pa toujou gen zouti, ni tan, pou reflechi kolektivman sou eksperyans nou.
Atik sa a se yon envitasyon pou nou aprann youn sou lòt. Se pa tout echèk nou ka evite, men gen fason nou ka diminye risk yo epi mete fondasyon ki pi solid pou lavni.
Ann gade 4 erè ki souvan fè nou rate bèl opòtinite, epi kijan nou ka chanje sa.
1) Twò Fèmen sou Kiyès ou Sèvi
(Lè w pa panse ase laj ak kliyan potansyèl ou yo)
Nan sosyete nou an, gen anpil biznis ki fèt ak lide ke “se pa tout moun ki kliyan nou.” Sa soti nan konviksyon klas, move eksperyans, oswa imitasyon modèl biznis ki pa ann amoni ak reyalite lokal la.
Rezilta a? Gen biznis ki vize sèlman yon ti gwoup kliyan ki gen mwayen, men ki pa ase pou soutni kwasans li. Si ou limite biznis ou sèlman ak yon ti gwoup ki gen mwayen, ou pèdi opòtinite pou grandi ansanm ak mas popilasyon an.
Solisyon :
• Ouvri biznis ou pou diferan kategori kliyan.
• Ou ka ofri opsyon sou diferan nivo pri (gamme de prix) tankou:
– Yon vèsyon senp men bon kalite
– Yon opsyon entèmedyè
– Yon vèsyon “liks” pou kliyan ki vle plis
Egzanp: Yon atis ka toujou vann tablo orijinal li yo pou kliyan ki ka peye plis, pandan li ofri atik tankou kopi (prints), kat, oswa lòt ti atik sou entènèt pou lòt kliyan. Konsa, li louvri pòt pou plis moun san li pa pèdi valè oswa idantite li.
2) Pa Gen Plan B
(Lè biznis la pa gen okenn kousen pou lenprevi)
Nan peyi kote ensekirite, enflasyon, ak mank elektrisite konn frape san avètisman, anpil biznis ap mache san plan sekou. Se pa mechanste ni neglijans, se souvan paske ou toujou ap jere ijans. Men lè sa vin yon abitid, li mete biznis la an danje. San okenn ti rezèv oswa estrateji pou kriz, se chak ti kout van ki ka chavire tout sa ou bati a.
Solisyon :
• Fè sa ou kapab, pa sa ou swete. Ou pa bezwen anpil kòb pou kòmanse mete yon ti kousen.
• Chèche mete a kote menm si se yon ti pousantaj revni chak mwa.
• Objektif la: gen yon ti lajan oswa resous ou ka konte sou li lè yon kriz leve.
• Tankou yon fon ijans, sous revni altènatif, oswa yon plan tanporè pou kontinye sèvi kliyan ou.
Li pi fasil pou fè fas ak lenprevi lè ou gentan panse ak li alavans, pa lè li gentan rive.
3) Biznis San Dosye
(Lè tout bagay rete nan tèt sèl moun nan)
Anpil biznis an Ayiti mache sou memwa ak konfyans. Se fondatè a ki konn jere tout bagay, epi ki pran tout desizyon. Men lè tout konesans sa yo pa ekri, pa pataje, pa òganize… biznis la vin depann sèlman de yon sèl moun. Sa rann li difisil pou ou repoze, pou ou ogmante kapasite w, oswa pou fè patenarya. E si ou ta absan oswa ou fatige?
Solisyon :
• Kòmanse senp. Ou pa bezwen gwo lojisyèl oswa zouti chè.
• Ekri sa ou fè regilyèman nan biznis la, make prosè yo.
• Swiv antre ak sòti kòb ou (menm sou yon kaye oswa fichye Excel).
• Fè yon lòt moun aprann kèk aspè ou jere poukont ou.
Sa se pa yon feblès, men yon siy matirite ak vizyon.
4) Imitasyon San Adapte
(Lè nou kopye modèl ki pa mache lakay nou)
Anpil fwa, nou lanse yon ide biznis paske nou wè li mache lòt kote; nan dyaspora, sou entènèt, oswa lakay yon lòt moun. Men sa ki mache lòt bò pa toujou mache isit.
Kondisyon lavi, jan moun depanse, fason yo fè konfyans, menm lojistik pou livre oswa jere se diferan. Lè nou kopye san adapte, nou pase sou sa ki esansyèl epi nou riske gaspiye tan, lajan, ak enèji.
Solisyon :
• Obsève an premye. Fè ti etid senp pou w konprann bezwen ak pratik lokal yo.
• Pale ak kliyan potansyèl yo.
• Teste ide ou ak ti gwoup avan ou al pi lwen.
• Mete eksperyans pèsonèl ou ak valè w ladan li.
Yon biznis ki anrasinen nan reyalite lokal la pi solid pase yon modèl ki sòti deyò, menm si li gen bon jan aparans. Siksè se pa kopye, se konekte.
Nou pa oblije repete menm erè yo
Fè biznis an Ayiti se pa yon eksperyans fasil. Men tou, li se yon espas kote kreyativite, rezistans, ak inovasyon boujonnen chak jou. Nou tout gen dwa aprann, ajiste, epi amelyore fason nou fè bagay yo san wont, san pretansyon. Erè yo se pa prèv echèk pèsonèl, men souvan refleksyon yon sistèm ki pa fasil, e ki pa bay ase sipò.
Lè nou pataje sa nou aprann, nou louvri pòt pou lòt moun evite menm pyèj yo. Lè nou reflechi sou sa ki pa mache, nou mete baz pou sa ki ka mache pi byen.
Se pa tout biznis ki ka aplike tout konsèy sa yo menm jan. Chak antrepriz gen reyalite pa li, ak limitasyon pa li. Men si w pran tan pou w obsève, reflechi, epi ajiste estrateji w sou baz lide sa yo, ou ka mete tèt ou sou yon pi bon chimen, tipa pa tipa, ak plis klète.
Richès Lokal la pa sèlman sa nou posede, se jan nou panse, bati, epi pataje pou n kolektivman avanse.


